¿Karavan migratwa? Sa mande reflechi!

Grupo de personas de la caravana migrante

¿Karavan migratwa? Sa mande reflechi!

Se Diane Román ki ekri tèks sa a

Petèt ou konnen yon moun ki te rantre nan yon karavan. De jou an jou, gen plis moun ki rantre nan lojik sa a sitou lè yo tande gen nouvo politik imigrasyon, lè y ap tande konvèsasyon sou rezo sosyal yo ansanm ak lè y ap fè nouvèl.

Anplis de sa, yo di lè yo ale an gwoup, yo pi an sekirite, li pi fasil pou yo resevwa èd nan men òganizasyon oswa paske gen mwens chans pou yo ta viktim1. Si ou te tande pale de sijè sa a oswa ou te menm konsidere karavan nan kòm yon opsyon pou imigre, nou envite ou li blòg sa a.

Tèm "karavan imigran yo" parèt kòm yon fason pou dekri yon gwoup moun k ap deplase pa vwa terès pou travèse fwontyè entènasyonal yo2.

Premye karavan nan te fèt nan lane 2018. Li te kòmanse nan Ondiras epi pandan vwayaj la, gen moun ki soti nan El Salvador ak Gwatemala ki met ansanm jiskaske yo rive sou fwontyè ant Etazini ak Meksik. Depi lè sa a, kantite yo, frekans ak popilarite yo te ogmante gras a apèl yo te lanse sou rezo sosyal yo ak nan nouvèl ki gaye sou sijè a.

Sepandan, sonje se pa tout enfòmasyon k ap sikile yo ki verite. Se poutèt sa nan Somos Colmena nou te konpile kèk done sou karavan migran yo, pou pwochen fwa ou tande y ap pale sou sijè a, ou kapab gen enfòmasyon nan bon ti mamit ki pral fè ou reflechi sou sa y ap di w yo.

Politik imigrasyon pa chanje

Se vre ke nan mwa janvye te gen yon chanjman nan gouvènman Etazini an, men chanjman preliminè yo te anonse yo pat imedya. An reyalite, nan mwa mas ki sot pase a, kòm yon rezilta gwoup imigran ki te bloke sou fwontyè Meksik la, yo te fè yon apèl a popilasyon migran yo pou yo ta rete nan peyi yo epi pou yo pa deplase ale nan nò peyi sa a.

Malgre administrasyon Etazini nan moman an te kapab evantyèlman modifye kèk aspè nan sistèm imigrasyon an, yo dwe prezante refòm nan nan Kongrè a epi jwenn sipò de Chanm yo, chanm Reprezantan an ak chanm Sena a3. Tou de pwosesis yo konplèks e pou m byen di w, sa pral pran tan. Konsa, si ou tande "ke sa a se pi bon moman pou ta imigre" … sa mande reflechi!

Danje ki genyen nan karavan yo

Moun ki vwayaje an gwoup nan nò Amerik Santral mansyone benefis ke nou dekri pi wo a konsènan kalite migrasyon sa a. Sepandan, gen anpil risk ke ou ka ekspoze tèt ou. "Nan temwayaj imigran yo dekri kidnapin, disparisyon, atak fizik, seksyèl ak trafik k ap fèt. Anplis de sa, gwoup kriminèl entènasyonal sa yo pwofite de pil ak pakèt imigran sa yo k ap pase pou dechanpiye yo, fè kidnapin ak ekstòsyon an mas, tout bagay sa yo bay gwo tèt chaje."4.

Li posib tou ke ou te tande pale de gwoup minè ki pran chemen sa a pou kont li. Risk pou gwoup sa a yo menm pi gwo, kidonk li pi bon ke ou chache enfòme tèt ou ak zanmi ou yo sou pwoblèm grav sa a.

Nou toujou gen pandemi

Finalman, karavan yo vle di vwayaje an gwoup ki gen anpil moun san distans ant moun ak aksè limite nan resous tankou savon ak dlo ki anpeche pwopagasyon COVID–19 la. Anplis de sa, peyi tankou Meksik ak Gwatemala te tabli kòm kondisyon pou kapab rantre yon tès ki sètifye ou pa malad.

Tès yo konn chè, epi vin malad ak COVID–19 ka gen konsekans negatif sou sante ou, kidonk nou rekòmande pou pa ekspoze tèt ou. Pandan setan, nou envite ou vizite katalòg ki gen ladan l kou vityèl nou yo kote ou ka amelyore konpetans ou ak chache opsyon etid oswa opsyon travay nan peyi ou.

Men, si nan tan k ap vini an ou kontinye ak lide pou kite peyi a, nou envite ou fè sa kòmsadwa epi san danje. Reflechi anvan pou pa pran nan magouy! Vizite https://somoscolmena.info/es/pensalo2veces epi ret branche Somos Colmena, ki se kominote vityèl ki la pou popilasyon imigran yo.

Compartir en: